Add parallel Print Page Options

Gade si w jwenn moun ki pa gen repitasyon moun ki nan sa ki mal, ki gen yon sèl madanm,[a] ki gen ti moun ki kwè epi ki pa gen dosye debòch ni dosye rebelyon. Chak lidè[b] nan legliz la dwe san fay, paske se jeran Bondye li ye; fòk li pa awogan, fòk li pa fè kòlè fasil, fòk li pa renmen bwè alkòl, ni vyolan, ni ap fè lajan yon fason ki fè wont.

Men se pou l renmen resevwa moun lakay li, se pou l renmen sa ki byen, moun ki gen bon konprann, moun ki jis, moun konsakre pou Bondye, moun ki kenbe tèt yo byen.

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:6 yon sèl madanm Literalman, “yon nonm ki gen yon sèl madanm.” Sa kapab vle di tou, “ki te marye yon sèl fwa.”
  2. 1:7 lidè Nan plas sa a, literalman, “siveyan, gadyen, sipèvizè”. Gade Ansyen nan Lis Mo yo.