Add parallel Print Page Options

Chak lidè[a] nan legliz la dwe san fay, paske se jeran Bondye li ye; fòk li pa awogan, fòk li pa fè kòlè fasil, fòk li pa renmen bwè alkòl, ni vyolan, ni ap fè lajan yon fason ki fè wont.

Men se pou l renmen resevwa moun lakay li, se pou l renmen sa ki byen, moun ki gen bon konprann, moun ki jis, moun konsakre pou Bondye, moun ki kenbe tèt yo byen. Li dwe yon moun ki fidèl ak Pawòl la, jan nou preche l la. Lè sa a, l ap kapab ankouraje lòt moun epi bay yon ansèyman ki dwat. Epitou, l ap kapab konvenk moun k ap bay move ansèyman yo, pou di se pa bon.

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:7 lidè Nan plas sa a, literalman, “siveyan, gadyen, sipèvizè”. Gade Ansyen nan Lis Mo yo.