Add parallel Print Page Options

Mande pou granmoun yo gen kontwòl sou pwòp lavi yo. Yo dwe aji yon jan ki fè moun gen respè pou yo. Se pou yo reflechi byen sou jan y ap viv. Lafwa yo, lanmou yo ak pasyans yo dwe montre yo se moun ki nan Bondye.

Anseye madanm ki granmoun yo tou, yo dwe viv jan moun k ap sèvi Bondye dwe viv. Yo pa dwe ap mache di move bagay sou lòt moun. Yo pa dwe esklav alkòl. Yo dwe anseye byen. Konsa, y ap montre jèn madanm marye yo kijan pou yo renmen mari yo ansanm ak pitit yo.

Read full chapter