Font Size
Tit 2:7-9
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Tit 2:7-9
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
7 Ou menm, ou dwe yon egzanp pou yo nan tout bagay, nan bon jan aksyon ou ap fè. Se pou ansèyman w pwòp epi se pou sa fè moun respekte w. 8 Sa vle di, se pou w anseye yon fason ki dwat epi byen klè, pou moun pa jwenn chans kritike ansèyman w. Konsa, tout moun ki kont nou yo va wont, paske yo p ap jwenn anyen mal pou yo di sou nou.
9 Anseye moun ki esklav kijan pou yo viv. Se pou yo toujou prèt pou rann mèt yo sèvis tout tan. Se pou yo chache fè mèt yo plezi, san yo p ap chache fè diskisyon ak yo.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International