Add parallel Print Page Options

11 Yon moun konsa, se yon moun ki pran move chemen, se peche l ap komèt yo menm k ap kondane l.

Dènye enstriksyon ak salitasyon

12 M ap voye Atemas oubyen Tichik ba ou. Lè nenpòt nan yo rive, fè tout sa w kapab pou w vin jwenn mwen nan Nikopolis. Mwen deside se la m ap pase livè a lane sa a. 13 Fè sa w kapab pou ou byen ede Zenas, se yon avoka li ye, ansanm ak Apolòs. Pa kite yo manke anyen pou vwayaj yo.

Read full chapter