Tit 3:1-8
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Bon jan fason pou moun viv
3 Fè kretyen yo sonje yo dwe soumèt anba tout chèf ak tout otorite. Se pou yo obeyisan epi toujou pare pou fè tout sa ki byen. 2 Kretyen pa dwe rakonte move bagay sou do moun. Yo dwe viv an pè ak tout moun. Se pou yo janti epi respekte tout moun.
3 Nou menm tou, nan tan pase yo, nou te aji kon moun fou. Nou te rebèl, egare, esklav yon bann bagay nou ta renmen genyen pou n jwi. Nou t ap viv nan fè sa ki mal poutèt jalouzi ak lanvi. Tout moun te rayi nou epi nou te rayi tout moun tou.
4 Men, lè Bondye, Sovè nou an, te fè parèt aklè pou nou
bonte l ak lanmou l pou tout moun,
5 li te sove nou, paske li fè nou gras.
Se pa paske nou te fè anyen pou sa.
Li te lave peche n yo fè n vin pwòp,
li ban nou nouvo lavi
pa mwayen Sentespri a. Se tankou nou te fèt yon lòt fwa.
6 Bondye vide Sentespri a sou nou avèk abondans
pa mwayen Jezikris, Sovè nou an.
7 Nan gras li, Bondye libere nou soti anba peche
epi Bondye adopte nou.
Tout sa rive, pou nou kapab vin pitit Bondye,
moun k ap tann lavi etènèl, dapre pwomès li fè yo.
8 Pawòl sa yo se verite a. Mwen vle w kategorik sou yo, poutèt pou moun ki chita lafwa yo nan Bondye fè tout efò yo pou yo fè anpil pwogrè nan fè sa ki byen. Se kalite lavi kon sa ki bon epi itil pou tout moun.
Read full chapterCopyright © 2017 by Bible League International