Add parallel Print Page Options

10 Disip yo ap founi je gade nan syèl la, nan direksyon kote Jezi monte a. Lamenm yo wè de moun abiye tou de blan parèt kote yo. 11 Epi yo di yo: “Nou menm moun Galile yo, poukisa n ap founi je gade nan syèl la konsa? Jezi sa a nou wè ki kite nou li monte nan syèl la, li gen pou l retounen menm jan nou wè l monte a.”

Yo chwazi yon lòt apot

12 Disip yo kite mòn Oliv la, yo retounen lavil Jerizalèm. Mòn Oliv la te toupre vil Jerizalèm nan, a yon distans yon kilomèt[a] konsa.

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:12 distans yon kilomèt Literalman, “distans pou yon jou Saba”, se te distans yon moun te gen dwa vwayaje nan yon jou Saba (1 kilomèt anviwon).