Add parallel Print Page Options

11 Epi yo di yo: “Nou menm moun Galile yo, poukisa n ap founi je gade nan syèl la konsa? Jezi sa a nou wè ki kite nou li monte nan syèl la, li gen pou l retounen menm jan nou wè l monte a.”

Yo chwazi yon lòt apot

12 Disip yo kite mòn Oliv la, yo retounen lavil Jerizalèm. Mòn Oliv la te toupre vil Jerizalèm nan, a yon distans yon kilomèt[a] konsa. 13 Lè disip yo antre nan vil la, yo monte toudwat nan chanm anwo kote yo te rete deja a. Moun ki te la yo se te: Pyè, Jan, Jak, Andre, Filip, Toma, Batèlmi, Matye, Jak, pitit Alfe a, Simon, zelòt la, epi Jida, pitit Jak la.

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:12 distans yon kilomèt Literalman, “distans pou yon jou Saba”, se te distans yon moun te gen dwa vwayaje nan yon jou Saba (1 kilomèt anviwon).