Font Size
Travay 1:19-21
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 1:19-21
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
19 Pawòl lanmò Jida a te gaye rive nan zòrèy tout moun ki t ap viv nan lavil Jerizalèm. Sa te fè yo te bay moso tè a yon non. Nan lang pa yo, yo te rele l “Akèldama”, ki vle di “Jaden san”.
20 Men sa ki ekri nan Liv Sòm yo:
Se pou lakay li tounen yon dezè,
se pou pèsonn pa rete lakay li.[a]
Men sa ki ekri ankò:
Se pou yon lòt moun ranplase li nan travay la.[b]
21 Se poutèt sa, li nesesè pou nou jwenn yon lòt moun ki te la tout tan Senyè Jezi t ap monte desann ansanm ak nou nan tout peyi a.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International