Add parallel Print Page Options

21 Se poutèt sa, li nesesè pou nou jwenn yon lòt moun ki te la tout tan Senyè Jezi t ap monte desann ansanm ak nou nan tout peyi a. 22 Yon moun ki te ak nou depi lè Janbatis t ap batize moun nan, jouk rive lè Jezi te kite nou li monte nan syèl la. Fòk li se yon temwen rezireksyon Kris la tou, pou l vin met tèt ansanm avèk nou menm apot yo.

23 Yo prezante de (2) kandida pou plas la: Jozèf, yo te konn rele Basabas oubyen Jistis, ansanm ak Matyas.

Read full chapter