Font Size
Travay 1:3-5
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 1:3-5
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
3 Li te parèt byen vivan devan moun li te chwazi yo apre l te fin mouri. Pandan karant (40) jou, li te ba yo anpil prèv pou montre li vivan toutbonvre epi li te di yo anpil bagay konsènan Wayòm Bondye a tou. 4 Pandan Jezi t ap manje avèk apot yo, li pase yo lòd pou yo pa kite Jerizalèm, jouktan yo resevwa kado Papa a te pwomèt yo a. Jezi li menm te gentan pale yo de kado sa a, kèk tan anvan. 5 Janbatis te batize moun nan dlo, men nou menm, n ap gen pou n resevwa batèm nan Sentespri a nan kèk jou ankò.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International