Font Size
Travay 10:21-23
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 10:21-23
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
21 Konsa, Pyè desann, l al jwenn mesye yo epi li di: “M kwè se mwen menm n ap chache. Ki sa k mennen nou isit la?”
22 Mesye yo di Pyè konsa: “Se Kònèy, yon ofisye women, ki voye nou. Kònèy se yon bon moun ki gen krentif pou Bondye. Tout pèp Jwif la respekte li. Se yon anj Bondye ki te di l pou l envite w lakay li pou l kapab tande sa ou menm ou gen pou di l.” 23 Pyè fè mesye yo antre epi l mande yo rete pase nuit lan. Nan demen maten, Pyè leve, li pati ak mesye yo. Kèk frè nan lavil Jope pati avè l tou.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International