Font Size
Travay 10:28-30
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 10:28-30
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
28 Pyè di yo: “Nou konnen li kont lalwa pou yon Jwif ni asosye l ak moun ki pa Jwif ni antre lakay yo. Men, Bondye fè m konprann mwen pa gen dwa gade pèsonn kòm moun ki enpi osinon kòm moun ki pa nan kondisyon pou l sèvi Bondye. 29 Se poutèt sa, lè ou voye chache m, mwen vini san m pa ezite. Kounye a, mwen ta vle konnen poukisa ou te voye chache m.”
30 Lè sa a, Kònèy di: “Sa fè kat jou, m t ap priye lakay mwen, nan menm lè sa a, twazè apremidi. Sanzatann konsa, mwen wè yon nonm ak yon rad byen klere sou li kanpe devan m.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International