Add parallel Print Page Options

15 Lè m te kòmanse pale, Sentespri a desann sou yo menm jan li te desann sou nou nan kòmansman an.[a] 16 Epi m vin sonje pawòl Senyè a te di a: Jan batize moun nan dlo, men nou menm nou gen pou n resevwa batèm nan Sentespri a. 17 Konsa, Bondye bay moun sa yo menm kado li te ban nou an lè nou te mete konfyans nou nan Jezikris. Ki lès mwen ye, pou m ta nan kenbe tèt ak Bondye?”

Read full chapter

Footnotes

  1. 11:15 kòmansman an Jou Pannkot la ki nan Travay 2, lè Sentespri a te vini sou premye disip Jezi yo pou ba yo pouvwa pou yo kòmanse travay yo pou preche nan lemonn antye Bòn Nouvèl delivrans lan ki nan Jezi a.