Add parallel Print Page Options

17 Konsa, Bondye bay moun sa yo menm kado li te ban nou an lè nou te mete konfyans nou nan Jezikris. Ki lès mwen ye, pou m ta nan kenbe tèt ak Bondye?”

18 Lè kwayan Jwif yo tande pawòl sa yo, yo sispann kritike Pyè epi yo fè lwanj pou Bondye. Yo di: Kidonk Bondye pèmèt menm moun ki pa sikonsi yo repanti pou yo ka gen lavi li bay la.

Bòn Nouvèl la rive Antyòch

19 Kwayan yo te gaye toupatou poutèt pèsekisyon k te kòmanse, lè yo te touye Etyèn nan. Gen ladan yo ki te al jouk Fenisi, Chip ak Antyòch. Malgre sa, nan tout kote sa yo, yo t ap pwoklame mesaj la bay Jwif yo sèlman.

Read full chapter