Add parallel Print Page Options

“Se nan lavil Jope mwen te ye, epi pandan m t ap lapriyè, mwen fè yon vizyon. Mwen wè yon bagay ki t ap desann vin jwenn mwen. Li te tankou yon gwo dra mare nan kat pwent ki t ap glise desann sot nan syèl la. Bagay la rive toupre m. Lè m gade ladan l, mwen wè tout kalite bèt kat pat, bèt sovaj, bèt ki trennen sou vant, ansanm ak zwazo. Epi m tande yon vwa ki di m: Pyè, leve! Touye epi manje!

Read full chapter