Add parallel Print Page Options

17 Pyè fè yon sin ak men l pou fè moun yo pe, epi li rakonte yo kijan Bondye te fè l soti nan prizon an. Li di yo tou: “N a di Jak ansanm ak lòt frè yo sa k pase a.” Apre sa, li soti, l ale yon lòt kote.

18 Nan demen maten, gad yo te twouve yo nan gwo tèt chaje. Yo t ap poze tèt yo kesyon: “Ki kote Pyè pase?” 19 Ewòd fè chache Pyè toupatou, men yo pa t jwenn li. Li fè poze gad yo kesyon, epi l pase lòd pou yo touye yo.

Lanmò Ewòd Agripa

Apre sa, Ewòd kite Jide, l al viv nan lavil Sezare pandan kèk tan.

Read full chapter