Add parallel Print Page Options

20 Ewòd te fache kont moun lavil Tir ak lavil Sidon yo anpil. Men, se nan wayòm Ewòd la pou moun Tir ak Sidon yo te vin fè pwovizyon. Konsa, yon gwoup nan yo ale kote wa a pou mande l lapè. Gwoup sa a te fè yon jan fè Blastis vin zanmi yo; Blastis se te ofisye ki t ap travay lakay Ewòd menm.

21 Lè jou Ewòd te deside pou l rankontre yo a te rive, Ewòd abiye ak bèl kostim wayal li, li chita sou twòn li epi li fè yon diskou devan yo. 22 Pèp la tonbe rele byen fò, yo di: “Sa se vwa yon dye, se pa vwa yon moun.”

Read full chapter