Add parallel Print Page Options

23 Ewòd te dakò pran glwa a pou li, li pa t bay Bondye glwa a. Poutèt sa, yon anj Bondye te fè l tonbe malad. Vè manje l, epi l mouri.

24 Bòn Nouvèl Bondye a menm t ap kontinye gaye. Li t ap touche plis moun.

25 Apre Banabas ak Sòl te fin akonpli misyon yo, yo soti Jerizalèm, yo tounen Antyòch.[a] Yo te pran Jan, jen nonm yo abitye rele Mak la, pou vini avèk yo.

Read full chapter

Footnotes

  1. 12:25 yo tounen Antyòch Kèk ansyen kopi nan lang Grèk genyen “yo tounen Jerizalèm”.