Add parallel Print Page Options

Lè Ewòd wè Jwif yo te pran plezi nan sa l te fè a, li fè arete Pyè tou. Sa te pase nan epòk fèt Pen san ledven an. Lè l fin arete Pyè, li fè mete l nan prizon. Li mete kat eskwad; chak eskwad yo gen kat sòlda ladan yo. Sa fè sèz sòlda antou pou veye Pyè nan prizon an. Ewòd te fè plan pou mennen Pyè vin jije devan pèp la apre fèt Pak Jwif yo. Pyè te nan prizon se vre, men legliz la pa t sispann priye Bondye pou li.

Read full chapter