Add parallel Print Page Options

24 Anvan menm Jezi te vini, Janbatis te pwoklame yon mesaj pou fè pèp la konnen sa pou yo fè. Li di tout pèp Iszrayèl la pou yo batize pou yo ka montre yo vle chanje lavi yo toutbon vre. 25 Lè Jan te prèske fini ak travay li te gen pou l akonpli a, li di pèp la: Ki moun nou panse m ye? Se pa mwen ki Mesi a,[a] sila a nou tout ap tann nan. Li menm, l ap vin apre m. Mwen pa menm kalifye pou m ta delase lasèt sandal li.

26 Frè m yo, nou menm pitit pitit Abraram, nou menm tou ki pa jwif, men ki gen krentif pou Bondye, Bondye voye fè nou konnen li vin delivre nou.

Read full chapter

Footnotes

  1. 13:25 Mesi a Literalman, “I” (sa a se, “li” oubyen “moun nan”), sa vle di moun Bondye chwazi epi li voye a. Konpare ak Jan 1:20. Gade Mesi nan Lis Mo yo.