Add parallel Print Page Options

25 Lè Jan te prèske fini ak travay li te gen pou l akonpli a, li di pèp la: Ki moun nou panse m ye? Se pa mwen ki Mesi a,[a] sila a nou tout ap tann nan. Li menm, l ap vin apre m. Mwen pa menm kalifye pou m ta delase lasèt sandal li.

26 Frè m yo, nou menm pitit pitit Abraram, nou menm tou ki pa jwif, men ki gen krentif pou Bondye, Bondye voye fè nou konnen li vin delivre nou. 27 Jwif ki nan Jerizalèm yo ansanm ak tout lidè yo pa t reyalize se Jezi ki Sovè a. Malgre yo t ap li pawòl pwofèt yo te pwoklame yo chak jou saba, yo pa t konprann anyen ladan yo. Lè yo kondane Jezi, yo fè pawòl pwofèt tounen verite a.

Read full chapter

Footnotes

  1. 13:25 Mesi a Literalman, “I” (sa a se, “li” oubyen “moun nan”), sa vle di moun Bondye chwazi epi li voye a. Konpare ak Jan 1:20. Gade Mesi nan Lis Mo yo.