Add parallel Print Page Options

27 Jwif ki nan Jerizalèm yo ansanm ak tout lidè yo pa t reyalize se Jezi ki Sovè a. Malgre yo t ap li pawòl pwofèt yo te pwoklame yo chak jou saba, yo pa t konprann anyen ladan yo. Lè yo kondane Jezi, yo fè pawòl pwofèt tounen verite a. 28 Malgre yo pa t ka jwenn anyen ki pou ta fè Jezi merite lanmò, yo mande Pilat touye l kanmenm.

29 Jwif sa yo te fè tout move bagay Bib la te di ki t ap rive Jezi. Apre sa yo desann Jezi sou kwa a, epi yo mete l nan tonbo.

Read full chapter