Add parallel Print Page Options

33 Nou menm, nou se pitit pitit yo, epi Bondye fè pwomès la reyalize pou nou lè li fè Jezi leve soti vivan lanmò a. Anplis, men sa ki ekri tou nan Sòm 2 nan Bib la:

Ou se pitit mwen.
    Depi jodi a, se mwen menm ki papa w.[a]

34 Bondye te resisite Jezi pou l pa t janm pouri ankò. Se sa k fè Bondye te di:

M ap ba ou tout bon bagay
    mwen te pwomèt David yo.[b]

35 Nan yon lòt pasaj, li ekri ankò:

Ou p ap kite moun ki apa pou ou a pouri anba tè.[c]

Read full chapter

Footnotes

  1. 13:33 Sitasyon sa a soti nan Sòm 2:7.
  2. 13:34 Sitasyon sa a soti nan Eza 55:3.
  3. 13:35 Sitasyon sa a soti nan Sòm 16:10.