Add parallel Print Page Options

38-39 Frè n yo, konprann byen sa n ap anonse nou an. Nou kapab jwenn padon pou peche nou yo nan Jezikris. Lalwa Moyiz la pa t ka delivre nou anba peche nou yo, men nou kapab jwenn padon pou peche nou epi ranje lavi nou avèk Bondye si sèlman nou kwè nan Jezi. 40 Kidonk, se pou n pran prekosyon pou bagay pwofèt yo te di a pa rive nou:

41 Gade non, nou menm ki gen dout nan kè nou,
    nou gen pou n sezi, epi n ap mouri met sou li;
Paske pandan tan pa nou an la,
    m pral fè yon bagay nou p ap kwè.
Nou pa t ap janm kwè l,
    menmsi moun ta rakonte nou li!”[a]

Read full chapter

Footnotes

  1. 13:41 Sitasyon sa a soti nan Aba 1:5.