Add parallel Print Page Options

42 Lè Pòl ak Banabas ap vire pou y ale, moun yo mande yo pou yo retounen nan pwochen jou saba a pou kontinye pale avèk yo sou tout bagay sa yo. 43 Apre reyinyon an nan Sinagòg la, anpil jwif ansanm ak moun lòt nasyon ki te vin konvèti nan relijyon Jwif yo te swiv Pòl ak Banabas. Pòl ak Banabas te sezi okazyon an pou ankouraje yo pou yo kontinye kenbe fèm nan gras Bondye a.

44 Nan pwochen saba a, prèske tout moun nan lavil la te rasanble pou yo tande pawòl Senyè a.

Read full chapter