Add parallel Print Page Options

43 Apre reyinyon an nan Sinagòg la, anpil jwif ansanm ak moun lòt nasyon ki te vin konvèti nan relijyon Jwif yo te swiv Pòl ak Banabas. Pòl ak Banabas te sezi okazyon an pou ankouraje yo pou yo kontinye kenbe fèm nan gras Bondye a.

44 Nan pwochen saba a, prèske tout moun nan lavil la te rasanble pou yo tande pawòl Senyè a. 45 Lè Jwif yo wè tout moun sa yo te rasanble, yo vin gen anpil jalouzi nan kè yo. Yo tonbe ap demanti tout sa Pòl t ap di, epi yo tonbe joure.

Read full chapter