Add parallel Print Page Options

45 Lè Jwif yo wè tout moun sa yo te rasanble, yo vin gen anpil jalouzi nan kè yo. Yo tonbe ap demanti tout sa Pòl t ap di, epi yo tonbe joure. 46 Men, Pòl ak Banabas pa t kraponnen, yo di: “Nou te gen pou n pwoklame Bòn Nouvèl Bondye a bay nou menm jwif yo anvan, men nou refize tande l. Sa vle di nou pa konsidere tèt nou kòm moun ki bon ase pou n gen lavi etènèl la. Kidonk, kounye a nou pral kòmanse preche moun lòt nasyon yo. 47 Paske, men sa Senyè a menm te di nou:

Mwen mete w pou sèvi yon limyè pou lòt nasyon yo,
    pou montre moun toupatou sou latè kijan pou yo sove.”[a]

Read full chapter

Footnotes

  1. 13:47 Sitasyon sa a soti nan Eza 49:6.