Add parallel Print Page Options

Men, te gen nan Jwif yo ki pa t kwè. Yo monte tèt moun lòt nasyon yo pou fè yo fache epi pou yo ka leve kont kwayan yo.

Pòl ak Banabas rete Ikonyòm pandan yon bon bout tan ankò. Yo pwoklame mesaj konsènan favè Bondye a avèk anpil konviksyon. Senyè a bay Pòl ak Banabas pouvwa pou fè anpil bèl bagay ak anpil mirak pou l montre sa yo t ap anonse a se vre. Sa te fè vil la te vin gen de kan ladan l. Yon gwoup te dakò mache nan lojik Jwif yo, lòt gwoup la menm te patizan apot yo.

Read full chapter