Font Size
Travay 15:22-24
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 15:22-24
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lèt la pou kwayan lòt nasyon yo
22 Apot yo, lidè yo ansanm ak tout legliz la nan Jerizalèm te jije bon pou voye kèk moun pami yo ale Antyòch avèk Pòl ak Banabas. Konsa, yo chwazi Jid, yo te konn rele Basabas, ansanm ak Silas. Frè yo nan Jerizalèm te respekte de mesye sa yo anpil. 23 Men lèt gwoup la te bay mesye yo pot ale a:
Apot yo ansanm ak lidè yo, ki se frè nou nan lafwa,
voye bonjou pou tout frè nou yo ki pa Jwif, k ap viv nan lavil Antyòch, nan peyi Siri ak nan Silisi.
24 Nou aprann gen moun ki te soti bò isit la, yo ale lakay nou pou y al twouble nou. Pawòl moun sa yo pale yo boulvèse lespri nou. Nou vle nou konnen se pa nou menm ki te voye mesye sa yo al preche bagay konsa.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International