Add parallel Print Page Options

24 Nou aprann gen moun ki te soti bò isit la, yo ale lakay nou pou y al twouble nou. Pawòl moun sa yo pale yo boulvèse lespri nou. Nou vle nou konnen se pa nou menm ki te voye mesye sa yo al preche bagay konsa. 25 Se sa k fè, nou tout dakò ansanm pou n chwazi kèk moun pami nou pou voye lakay nou. Y ap vini ansanm ak de frè byenneme nou yo, Banabas ak Pòl. 26 De mesye sa yo ki gentan livre lavi yo pou yo sèvi Jezikris, Senyè nou an.

Read full chapter