Add parallel Print Page Options

29 Pa manje manje yo te ofri bay zidòl.

Pa manje vyann bèt ki mouri toufe, osinon vyann ki atout san ladan l.

Pa fè sèks ak yon moun ki pa madanm ou.

Si nou evite fè mòd bagay sa yo, n ap fè byen.

Gras Bondye avèk nou!

30 Se konsa, Pòl, Banabas, Jid ansanm ak Silas kite Jerizalèm y ale Antyòch. Lè yo rive la, yo rasanble tout kwayan yo ansanm epi yo ba yo lèt la. 31 Lè kwayan yo fin li lèt la, yo pa t manke kontan, paske yon lèt konsa te ankouraje yo anpil.

Read full chapter