Font Size
Travay 15:7-9
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 15:7-9
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
7 Apre yo fin pase yon bon tan ap egzamine kesyon an, Pyè kanpe, li di yo: “Frè m yo, m konnen nou konnen byen kisa k te pase depi lontan. Nou konnen Bondye te chwazi m pami nou pou m anonse Bòn Nouvèl la bay moun ki pa Jwif yo. Se nan bouch mwen menm yo te tande Bòn Nouvèl la epi yo te kwè nan Bondye. 8 Bondye konnen tout sa k nan kè moun, epi li menm li aksepte moun ki pa Jwif yo. Li montre nou li aksepte yo nan ba yo Sentespri a menm jan li te ban nou l lan. 9 Pa gen okenn diferans ant nou menm ak moun ki pa Jwif yo devan Bondye, paske li pirifye kè yo lè yo mete konfyans yo nan Kris.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International