Add parallel Print Page Options

Pòl te vle pran Timote pou fè vwayaj la ak li. Men anvan l te fè sa, li te sikonsi Timote, paske tout Jwif nan peyi a te konnen papa Timote se te Grèk.

Pandan vwayaj la, Pòl ak ekip li a te anonse desizyon apot yo ak lidè yo te pran nan Jerizalèm nan, nan tout vil yo. Yo mande tout moun yo pou yo respekte desizyon sa yo. Sa te fè legliz yo t ap vin pi djanm nan lafwa yo epi kantite kwayan yo t ap ogmante pi plis chak jou.

Read full chapter