Add parallel Print Page Options

33 Nan mitan lannuit la menm, chèf prizon an pran Pòl ak Silas, li netwaye kote yo te blese yo. Apre sa, Pòl ak Silas batize chèf prizon an ansanm ak tout fanmi li. 34 Chèf prizon an fè Pòl ak Silas monte lakay li, li ba yo manje. Tout moun nan kay la te kontan anpil dèske yo te kwè nan Bondye kounye a.

35 Nan maten, chèf Women yo voye kèk sòlda vin di chèf prizon an pou l lage mesye yo.

Read full chapter