Add parallel Print Page Options

Nan mitan lannuit lan, Pòl fè yon vizyon. Li wè yon mesye, moun peyi Masedwàn kanpe devan li, epi mesye a di l: “Tanpri, vin nan peyi Masedwàn, vin pote nou sekou!” 10 Tousuit apre Pòl fin fè vizyon an, nou[a] prepare vwayaj nou, epi n ale nan peyi Masedwàn. Nou sèten se Bondye menm ki te rele nou pou n al anonse Bòn Nouvèl la bay moun yo nan rejyon sa a.

Lidi remèt Bondye lavi li

11 Nou kite lavil Twoas nan batiman, nou ale tou dwat sou zile Samotras. Nan demen, nou pran direksyon lavil Neyapolis.

Read full chapter

Footnotes

  1. 16:10 nou Li sanble Lik ki te ekri liv sa a t al Masedwàn tou avèk Pòl. Men, li te rete nan vil Filip lè Pòl limenm te kite vil la (gade vèsè 40). Menm pwonon “nou” an parèt ankò nan 20:5–21:18 epi nan 27:1-28.