Add parallel Print Page Options

11 Moun Bere yo te gen pi bon dispozisyon pase moun Tesalonik yo. Yo te byen kontan tande mesaj Pòl te anonse yo a. Yo te pran tan pou etidye Bib la chak jou, pou yo te ka verifye si mesaj yo te tande a se te verite a toutbon vre. 12 Sa te fè anpil nan yo te kwè nan Kris la. Te gen anpil notab Grèk nan moun ki te kwè yo, fi tankou gason.

13 Men, lè Jwif Tesalonik yo vin konnen Pòl t ap anonse mesaj Levanjil la nan Bere, yo te vini la tou pou pran tèt foul la epi kreye tapaj.

Read full chapter