Font Size
Travay 17:15-17
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 17:15-17
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
15 Frè ki nan Bere yo ki te akonpanye Pòl yo te mennen l jouk nan vil Atèn. Apre sa, yo retounen ak yon mesaj pou Silas ak Timote pou di yo pou yo degaje yo al jwenn Pòl kote l ye a, pi vit posib.
Pòl nan Atèn
16 Pandan Pòl t ap tann Silas ak Timote nan Atèn, li te wè jan vil Atèn nan te chaje ak zidòl epi sa te fè l fache anpil. 17 Nan Sinagòg la, li te fè anpil bon diskisyon avèk Jwif yo ak Grèk ki te konn adore Bondye yo; men, chak jou, li te konn al sou plas piblik la tou pou pale ak moun k ap pase sou plas la.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International