Add parallel Print Page Options

Pòl nan Atèn

16 Pandan Pòl t ap tann Silas ak Timote nan Atèn, li te wè jan vil Atèn nan te chaje ak zidòl epi sa te fè l fache anpil. 17 Nan Sinagòg la, li te fè anpil bon diskisyon avèk Jwif yo ak Grèk ki te konn adore Bondye yo; men, chak jou, li te konn al sou plas piblik la tou pou pale ak moun k ap pase sou plas la. 18 Pandan l te sou plas la, gen kèk filozòf ki te patizan lide Epiki yo ansanm ak kèk lòt ki te rele tèt yo Estoyisyen,[a] yo te patizan lide Zenon yo, filozòf sa yo te kòmanse diskite ak Pòl. Gen nan yo ki di: “Nonm sa a pa menm konn sa l ap pale a. Ki sa l ap eseye di menm?” Pòl t ap anonse yo Bòn Nouvèl la konsènan Jezikris la epi li t ap pale yo sou jan moun ki mouri yo gen pou resisite. Lè sa a, yo di: “Li genlè ap eseye pale nou de kèk lòt dye etranje!”

Read full chapter

Footnotes

  1. 17:18 Epiki … Estoyisyen Se te disip de pwofesè ki t ap panse anpil sou sa ki pi enpòtan nan lavi a. Yo chak te anseye pwòp panse yo sou sa ki kapab fè moun viv byen oubyen kijan moun ta dwe viv nan lavi a.