Travay 17:17-19
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
17 Nan Sinagòg la, li te fè anpil bon diskisyon avèk Jwif yo ak Grèk ki te konn adore Bondye yo; men, chak jou, li te konn al sou plas piblik la tou pou pale ak moun k ap pase sou plas la. 18 Pandan l te sou plas la, gen kèk filozòf ki te patizan lide Epiki yo ansanm ak kèk lòt ki te rele tèt yo Estoyisyen,[a] yo te patizan lide Zenon yo, filozòf sa yo te kòmanse diskite ak Pòl. Gen nan yo ki di: “Nonm sa a pa menm konn sa l ap pale a. Ki sa l ap eseye di menm?” Pòl t ap anonse yo Bòn Nouvèl la konsènan Jezikris la epi li t ap pale yo sou jan moun ki mouri yo gen pou resisite. Lè sa a, yo di: “Li genlè ap eseye pale nou de kèk lòt dye etranje!”
19 Konsa, yo pran Pòl, yo mennen l nan Areyopaj la, epi yo di l: “Silvouplè, eksplike nou nouvo lide sa a non, ou ap anseye kon sa a.
Read full chapterFootnotes
- 17:18 Epiki … Estoyisyen Se te disip de pwofesè ki t ap panse anpil sou sa ki pi enpòtan nan lavi a. Yo chak te anseye pwòp panse yo sou sa ki kapab fè moun viv byen oubyen kijan moun ta dwe viv nan lavi a.
Copyright © 2017 by Bible League International