Add parallel Print Page Options

Lè yo pa jwenn Pòl ak Silas, yo trennen Jazon ansanm ak kèk lòt frè devan chèf yo k ap dirije vil la. Yo t ap rele pou di chèf yo konsa: “Mesye k ap mache boulvèse tout kote ki gen moun k ap viv sou latè yo rive isit la tou! Kounye a, men Jazon dakò akeyi yo lakay li. Mesye sa yo se moun k ap vyole lalwa Seza yo, paske y ap mache di gen yon lòt wa ki rele Jezi.”

Lè chèf lavil la ansanm ak foul la tande pawòl sa yo, yo pa t manke fache.

Read full chapter