Add parallel Print Page Options

Pòl vin jije devan Galyon

12 Nan epòk lè Galyon te gouvènè nan rejyon Akayi a, kèk pami Jwif yo te met tèt yo ansanm pou konbat Pòl. Sa te fè yo te trennen l devan tribinal. 13 Yo di Galyon konsa: “Nonm sa a ap pran tèt pèp la pou fè yo adore Bondye yon fason ki pa konfòm ak lalwa nou an.”

14 Pòl t apral ouvè bouch li pou l pale, lè Galyon di Jwif yo: “M t ap pran tan pou m tande nou, nou menm Jwif yo, si plent nou an se te pou yon krim grav osinon yon lòt kalite dezagreman.

Read full chapter