Add parallel Print Page Options

16 Apre sa, li fè yo tout kite tribinal la.

17 Lè sa a, yo pase men pran Sostèn ki te chèf Sinagòg la, yo tout tonbe bat li byen bat, la devan tribinal la. Men, sa pa t fè Galyon ni cho ni frèt.

Pòl retounen lavil Antyòch

18 Pòl te rete nan Korent ansanm ak kwayan yo pandan yon bon tan ankò. Apre sa, li pran batiman, l ale nan peyi Siri. Prisil ak Akilas te vwayaje avèk Pòl tou. Lè Pòl rive nan Sankre, li fè kale tèt li, paske li te fè yon ve[a] ak Bondye yon.

Read full chapter

Footnotes

  1. 18:18 ve Li pwobab se yon ve Nazireyen, yon peryòd kote yon moun pwomèt pou l konsakre l epi pou l fè sèvis pou Bondye. Lè l koupe cheve li a, sa vle di ve a te fini. Gade Nazireyen nan Lis Mo yo.