Add parallel Print Page Options

Pòl retounen lavil Antyòch

18 Pòl te rete nan Korent ansanm ak kwayan yo pandan yon bon tan ankò. Apre sa, li pran batiman, l ale nan peyi Siri. Prisil ak Akilas te vwayaje avèk Pòl tou. Lè Pòl rive nan Sankre, li fè kale tèt li, paske li te fè yon ve[a] ak Bondye yon. 19 Lè yo rive nan vil Efèz, Pòl separe avèk Prisil ak Akilas. Pandan l nan Efèz, Pòl al nan Sinagòg la, li kòmanse kèk bon diskisyon ak Jwif yo. 20 Yo mande Pòl pou l rete pase plis tan avèk yo, men li pa t vle rete.

Read full chapter

Footnotes

  1. 18:18 ve Li pwobab se yon ve Nazireyen, yon peryòd kote yon moun pwomèt pou l konsakre l epi pou l fè sèvis pou Bondye. Lè l koupe cheve li a, sa vle di ve a te fini. Gade Nazireyen nan Lis Mo yo.