Add parallel Print Page Options

25 Se yon moun ki te byen fòme nan chemen Bondye a epi l te toujou chofe pou pale moun de Jezi. Sa l t ap anseye konsènan Kris la pa t gen okenn fay, malgre se batèm Janbatis la sèlman l te konnen. 26 Apolòs te kòmanse preche nan Sinagòg la avèk anpil asirans. Lè Prisil ak Akilas tande l ap preche konsa, yo pran li lakay yo epi la, yo ede l konprann chemen Bondye a pi byen toujou.

27 Kòm li te vle pase nan Akayi, kwayan Efèz yo te ede li. Yo ekri yon lèt voye bay kwayan Akayi yo pou mande yo aksepte Apolòs lè l rive. Lè l rive Akayi, Apolòs pa t manke itil sila yo ki te aksepte Kris pa mwayen gras Bondye.

Read full chapter