Add parallel Print Page Options

26 Apolòs te kòmanse preche nan Sinagòg la avèk anpil asirans. Lè Prisil ak Akilas tande l ap preche konsa, yo pran li lakay yo epi la, yo ede l konprann chemen Bondye a pi byen toujou.

27 Kòm li te vle pase nan Akayi, kwayan Efèz yo te ede li. Yo ekri yon lèt voye bay kwayan Akayi yo pou mande yo aksepte Apolòs lè l rive. Lè l rive Akayi, Apolòs pa t manke itil sila yo ki te aksepte Kris pa mwayen gras Bondye. 28 Paske se ak tout fòs li, li t ap fèmen bouch Jwif yo an piblik epi li t ap sèvi ak Bib la pou l bay prèv Jezi se Kris la toutbon vre, apati de pawòl Bondye.

Read full chapter