Font Size
Travay 18:4-6
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 18:4-6
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
4 Chak saba, Pòl te toujou tanmen kèk bon diskisyon ak moun yo nan Sinagòg la. Li t ap eseye konvenk Jwif yo ak Grèk yo tou. 5 Men, lè Silas ak Timote te vin rive soti Masedwàn, Pòl te konsakre tout tan l pou l preche epi anseye Bib la. Li t ap eseye konvenk Jwif yo pou l fè yo konprann Jezi se Mesi a vre. 6 Men, kòm Jwif yo te kont sa Pòl t ap anseye a, yo tonbe manke l dega. Konsa, Pòl souke pousyè nan rad li[a] epi li di yo: “Se pou san nou retonbe sou pwòp kò nou. Mwen menm, mwen gentan fè tout sa k te depann de mwen. Apati de jodi a, se moun ki pa Jwif yo sèlman m apral preche.”
Read full chapterFootnotes
- 18:6 souke pousyè nan rad li Se yon avètisman ki montre Pòl pa t deside kontinye pale ak moun sa yo ankò.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International