Add parallel Print Page Options

Men, lè Silas ak Timote te vin rive soti Masedwàn, Pòl te konsakre tout tan l pou l preche epi anseye Bib la. Li t ap eseye konvenk Jwif yo pou l fè yo konprann Jezi se Mesi a vre. Men, kòm Jwif yo te kont sa Pòl t ap anseye a, yo tonbe manke l dega. Konsa, Pòl souke pousyè nan rad li[a] epi li di yo: “Se pou san nou retonbe sou pwòp kò nou. Mwen menm, mwen gentan fè tout sa k te depann de mwen. Apati de jodi a, se moun ki pa Jwif yo sèlman m apral preche.”

Apre sa, Pòl kite Sinagòg la epi l al lakay Tèsiyis Jistis, yon nonm ki te konn adore Bondye epi ki te rete tou kole ak Sinagòg la.

Read full chapter

Footnotes

  1. 18:6 souke pousyè nan rad li Se yon avètisman ki montre Pòl pa t deside kontinye pale ak moun sa yo ankò.