Font Size
Travay 19:12-14
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 19:12-14
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
12 Gen moun ki pran mouchwa osinon moso twal ki te touche kò Pòl, y al mete yo sou moun malad. Malad yo te geri epi sa k te gen move lespri menm, move lespri yo te soti sou yo.
13 Te gen yon ekip Jwif ki t ap vwayaje nan zòn nan, epi yo t ap chase move lespri sou moun nan non Senyè Jezi. Yo t ap di: “Nan non Jezikris Pòl ap preche a, mwen kòmande w pou w soti!” 14 Te gen pi gran sakrifikatè Jwif yo te rele Seva a, li te gen sèt pitit gason ki te konn ap fè bagay sa a.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International