Add parallel Print Page Options

16 Pwofèt Jowèl te gentan ekri konsènan sa nou wè k ap pase a deja. Men sa li te ekri:

17 Bondye di: Nan dènye tan yo, men sa k pral rive:
    M ap vide Lespri m sou tout moun sou latè.
Pitit gason nou yo ak pitit fi nou yo pral pwofetize.
    Jenn gason nou yo va fè vizyon.
    Granmoun nou yo va fè rèv.
18 Nan dènye tan yo, m ap vide Lespri m
    sou sèvitè m yo ak sou sèvant mwen yo
    epi yo tout ap pwofetize.

Read full chapter